Li va jije pami nasyon yo, e Li va rann desizyon pou anpil pèp. Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a, ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e jis pou tout tan, yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”, ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”; men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”. Paske SENYÈ a pran plezi nan ou e a Li menm, peyi ou va marye.
Mwen va bay yo yon kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”
Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a: “Epi pa pèdi kouraj, O Israël; paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen, Li va kalm, alèz, e nanpwen moun k ap fè l fè pè.
Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa; ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen, ke se Mwen se SENYÈ a, ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
“‘“Mwen te pase bò kote ou pou te wè ou e gade byen, ou te vin nan lè pou fè renmen. Alò konsa, mwen te lonje jip Mwen sou ou pou te kouvri toutouni ou an. Anplis, Mwen te sèmante a ou menm, e te antre nan yon akò avèk ou pou ou te vin pou Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
Anplis, pyebwa nan chan yo va donnen fwi yo. Latè a va donnen pwodwi li, e yo va ansekirite nan peyi yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin kase fè jouk yo a, e delivre yo soti nan men a sila ki te fè yo esklav yo.
Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.
“Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou.
Konsa, Li va jije antre anpil pèp e pran desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen. Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen cha pou laboure latè yo, ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e p ap aprann fè lagè ankò.
Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.
Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, e pèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.
“Nou poko vin rekonèt Li, men Mwen menm, mwen konnen Li. Si Mwen di ke M pa konnen L, Mwen ta yon mantè tankou nou menm, men Mwen vrèman konnen Li, e kenbe pawòl Li.
Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.
Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’, paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan pi piti jiska pi gran nan yo.
Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.