Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 13:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Akoz sa, Mwen va vin tankou yon lyon anvè yo. Kon yon leyopa, Mwen va kouche an kachèt bò chemen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Se poutèt sa, m'ap tonbe sou yo tankou yon lyon. Tankou yon leyopa, mwen pral anbiske kò m sou wout yo ap tann yo.

参见章节 复制




Oze 13:7
10 交叉引用  

Si tèt mwen ta vin leve wo, Ou ta fè lachas dèyè m tankou yon lyon; epi ankò, Ou ta montre pouvwa Ou kont mwen.


SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.


Li soti nan kote kachèt Li yo kon lyon an, paske peyi yo te devni yon gwo laperèz akoz gwo vyolans nepe k ap oprime, e akoz gwo raj a kòlè Li.


Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.


Li pou mwen tankou yon lous ki kouche ap tann, tankou yon lyon nan kote an kachèt.


Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale. Mwen va pote ale, e p ap gen moun ki pou delivre.


Li te di: “SENYÈ a va gwonde soti nan Sion. Li va fè son vwa Li soti Jérusalem; epi patiraj a bèje yo va fè dèy, e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”


Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa san ke li pa kaptire yon bagay? Èske yon jèn ti lyon ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?


Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize?


Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.


跟着我们:

广告


广告