Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 13:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou, depi nan peyi Égypte la; epi ou pa pou konnen okenn dye sof ke Mwen; paske nanpwen sovè sof ke Mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Senyè a di ankò: Se mwen menm ki Senyè a, Bondye ou la. Se mwen menm ki te fè ou sòti kite peyi Lejip. Ou pa konn lòt bondye pase mwen menm. Se mwen menm ase ki ka sove ou.

参见章节 复制




Oze 13:4
14 交叉引用  

Kilès pami tout dye a peyi yo ki te delivre peyi pa yo devan men m, pou SENYÈ a ta dwe delivre Jérusalem soti nan men m?”


Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, Sila Ki Sen en Israël la, Sovè ou a. Mwen te bay Égypte kon ranson ou Cush ak Saba nan plas ou.


Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l; epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.


Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo e mwen te miltipliye vizyon yo; epi selon ministè pwofèt yo, mwen te sèvi parabòl.


Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou, depi nan peyi Égypte la, va fè ou viv nan tant ankò, tankou nan jou fèt deziye yo.


Epi soti la, Mwen va bay li chan rezen yo, ak Vale Akò a kon yon pòt espwa. Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo, tankou nan jou lè l te vin monte soti nan peyi Égypte la.


Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite. Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.


Epi SENYÈ a te kòmande pwason an e li te vomi Jonas sou tè sèch la.


“Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”


跟着我们:

广告


广告