Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 13:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Mwen te bay ou yon wa nan kòlè Mwen, e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Mwen te fè kòlè, mwen te ban nou wa a. Men, apre sa, nou fè m fache pi rèd, mwen wete l nan mitan nou.

参见章节 复制




Oze 13:11
18 交叉引用  

Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil; men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.


Anverite, koulye a yo va di: “Nou pa gen wa, paske nou pa krent SENYÈ a. Epi wa a, se kisa li ka fè pou nou?”


Pou Samarie, wa li a va vin peri tankou ti bout bwa Ki parèt sou fas dlo.


Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo.


Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm. Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm. Ak ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo, jis pou yo ta ka koupe retire nèt.


Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm vè SENYÈ a nan Mitspa.


Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”


Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen te chwazi yon wa sou nou.


Alò pou sa, men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou.


Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.”


Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”


跟着我们:

广告


广告