Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 10:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Anplis, wo plas Aven yo, peche Israël la, va vin detwi. Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo. Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!” E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Yo gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y'a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y'a mande ti mòn yo pou kache yo.

参见章节 复制




Oze 10:8
32 交叉引用  

Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an.


Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’”


Evenman sa a te devni peche lakay Jéroboam, jis menm pou ta detwi kay li e fè l disparèt sou fas tè a.


Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”


Anplis, lotèl ki te Béthel la avèk wo plas ke Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a, menm lotèl sila a avèk wo plas la a li te kraze. Epi li te kraze wòch li yo, li te moulen yo jis yo te fè poud e li te brile Astarté la.


Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.


Tout moun va antre nan kav pami wòch yo, ak nan twou tè a, devan gran laperèz SENYÈ a, ak gwo bagay etonnan de majeste Li, lè Li leve pou fè tè a tranble.


pou yo ka antre nan kav wòch ak twou wòch nan falèz yo, pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ, ak gwo bagay etonan a majeste Li a, lè Li leve pou fè latè tranble.


Anplispou peyi a pèp mwen an, kote pikan ak raje va pouse monte; wi pou tout kay plen ak jwa yo ak gran vil kè kontan yo.


Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo, chadwon ak gwo raje nan gwo vil ranfòse yo. L ap devni yon kote frekante pa chen mawon. Li va fè kay tribinal pou otrich la.


Kè yo vin divize. Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo. SENYÈ a va kraze lotèl yo. Li va detwi pilye sakre yo.


Pèp Samarie yo va gen lakrent akoz jenn bèf Beth-Aven nan. Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li, ak prèt zidòl yo k ap kriye pou li, pou glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt.


O Israël! Depi nan jou a Guibea yo, ou te peche. Se la yo te kanpe! Ni batay kont fis inikite yo pa t kite yo nan Guibea.


Akoz sa, Mwen va fè monte yon kloti pikan, e Mwen va bati yon mi kont li pou l pa ka twouve ti wout li yo.


Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo, e yo brile lansan sou kolin yo. Anba pye bwadchèn yo, pye sikrèn ak pye mapou yo; akoz lonbraj yo dous. Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon e madanm nou yo fè adiltè.


Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an, men ou pa kite Juda vin koupab; pa monte vè Guilgal, ni monte nan Beth-Aven, ni sèmante: “Jan Bondye vivan an!”


“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. Sone alam Beth-Aven nan: Dèyè ou, Benjamin!


Kite Samarie jete jenn bèf li deyò! Kòlè Mwen ap brile kont yo! Pou konbyen de tan yo va rete san kapasite pou pirifye?


Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon, Égypte va ranmase yo. Moph va antere yo. Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo. Se bwa pikan k ap fè tant yo.


Anplis, Mwen va kase baryè an fè Damas la; Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan, ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden; epi pèp Syrie a va ale an egzil an Kir,” di SENYÈ a.


“Paske nan jou ke Mwen va vizite transgresyon Israël yo sou li, Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. Yo va tonbe atè.


Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”


Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a, ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”


Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Lakis! Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an— akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.


Tout sa se pou rebelyon a Jacob la ak pou peche Israël la. Se kisa ki rebelyon a Jacob la? Èske se pa Samarie? Se kisa ki wo plas a Juda yo? Èske se pa Jérusalem?


Ou menm tou va vin sou nèt. Ou va kache. Ou menm tou va chache yon kote pou ou kache akoz de ènmi an.


Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: ‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’


“Mwen te pran peche nou an, ti bèf ke nou te fè a, e mwen te brile li avèk dife. Mwen te kraze li fen jiskaske li te vin tankou poud, epi mwen te jete poud li nan ti flèv dlo ki te pase desann nan mòn nan.


Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an.


Nan jou sa yo, moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.


跟着我们:

广告


广告