Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 10:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Pèp Samarie yo va gen lakrent akoz jenn bèf Beth-Aven nan. Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li, ak prèt zidòl yo k ap kriye pou li, pou glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l nan mitan yo.

参见章节 复制




Oze 10:5
20 交叉引用  

Men peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche a, depi sila yo, Jéhu pa t kite yo, menm jenn bèf an lò ki te Béthel e ki te Dan.


Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal.


Li te mete deyò tout prèt zidòl ke wa Juda yo te chwazi pou brile lansan nan wo plas yo nan vil Juda yo ak nan andwa Jérusalem yo. Anplis, sila ki te brile lansan a Baal yo, a solèy la, lalin nan, avèk tout gwoup zetwal yo ak tout lame syèl yo.


Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo.


“Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou.


Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm. Yo pa t ka delivre chaj lou a, men yo menm vin prizonye yo.


Epi koulye a, yo peche plis toujou, e yo fè pou tèt yo imaj fonn an ajan, menm zidòl yo selon jan yo konprann. Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye. Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo ti bèf yo!”


Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an, men ou pa kite Juda vin koupab; pa monte vè Guilgal, ni monte nan Beth-Aven, ni sèmante: “Jan Bondye vivan an!”


“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. Sone alam Beth-Aven nan: Dèyè ou, Benjamin!


Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo! Paske ou te fè pwostitisyon. Ou te abandone Bondye ou a. Ou te renmen salè kòb ki konn ranmase sou nenpòt glasi vannen.


Pou Éphraïm glwa yo va vole ale kon zwazo. P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon.


“Paske nan jou ke Mwen va vizite transgresyon Israël yo sou li, Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. Yo va tonbe atè.


Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout prèt zidòl yo,


Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.”


Alò, Josué te voye mesye sòti Jéricho yo vè Aï, ki toupre Beth-Aven an, nan lès a Bethel la. Li te di yo: “Ale monte e fè espyonaj peyi a.” Konsa, mesye yo te monte pou te fè espyonaj Aï.


Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’”


跟着我们:

广告


广告