Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 10:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Nou te raboure mechanste; nou te rekòlte lenjistis. Nou te manje fwi manti a, akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou, nan fòs kantite gèrye pisan nou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men, nou te pito fè sa ki mal devan je m. Se konsa, nou rekòlte sa ki mal tou. N'ap peye manti nou te bay yo. Nou fè sa ki nan lide nou. Nou te mete konfyans nou nan gwo kantite sòlda nou te genyen.

参见章节 复制




Oze 10:13
19 交叉引用  

Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo, ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.


Wa a pa sove pa yon lame pwisan. Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.


“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”


Pa mete konfyans nan peze kou moun desann. Ni pa mete fo espwa nan vòlè. Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.


Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo, e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.


Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman.


Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.


Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite; e baton kòlè li a va detwi.


Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout.


Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.


Éphraïm antoure Mwen ak manti, e lakay Israël ak desepsyon. Men anplis, Juda toujou egare, kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.


Gen joure ak madichon, vyole konfyans, asasine moun, vòlè, fè adiltè. Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, e vèse san fè san vèse plis.


Yo manje sou peche a pèp Mwen an, e yo dirije volonte yo vè inikite yo.


Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan, epi prens yo, ak manti yo.


Paske yo simen van, e yo rekòlte toubiyon.


Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? Yon chen mouri oubyen yon grenn pis?


跟着我们:

广告


广告