“Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.”
Veye byen, se Mwen Menm ki te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a.
Paske tout gason premye ne pami fis Israël yo se pou Mwen, pami moun yo, ak pami bèt yo. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye yo pou Mwen menm.