Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Nonb 35:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Si li t ap pouse li akoz rayisman, oswa jete yon bagay sou li lè li kouche pou fè pèlen, e kòm rezilta, li te vin mouri,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Si yon moun rayi yon lòt epi li ba li yon move bourad pou li touye l, osinon si li voye yon bagay dèyè l pou touye l,

参见章节 复制




Nonb 35:20
30 交叉引用  

men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.


Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.


Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.


Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.


Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.


Paske, gade byen, mechan yo koube banza, Yo fè flèch yo parèt sou kòd la, pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.


Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.


Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li; men nan kè l, li fè depo desepsyon.


Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.


Vanjè san an va, li menm, mete asasen an a lanmò. Li va mete li a lanmò depi li rankontre li.


oswa, si li te frape li avèk men l an rayisman, e li vin mouri, sila ki te frape li a va, vrèman, vin mete a lanmò. Li se yon asasen. Vanjè san an va mete asasen an a lanmò lè li rankontre li.


Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l;


Yo te soulve, yo te pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan


Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine.


Pa kwè yo, paske plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”


“Men si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo,


Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepuce yo ki sòti nan Filisten yo, pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo.


Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”


Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m.


跟着我们:

广告


广告