Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an.
Konsènan Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Malè a Nebo! Paske li fin detwi. Kirjathaïm te rive wont nèt. Li vin kaptire. Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont. Li te vin kraze nèt.
Pa genyen lwanj pou Moab ankò. Nan Hesbon, yo te fè plan pou malè li: ‘Vini, annou koupe retire l nèt pou l pa menm yon nasyon ankò!’ Nou menm tou, Madmen, va vin an silans. Nepe a va swiv nou.
Plis ke kriye pou Jaezer, mwen va kriye pou ou, O chan rezen Sibma a. Chan rezen nou yo te lonje rive lòtbò lanmè a. Yo te rive nan lanmè Jaezer a. Sou fwi gran sezon ak rekòlt rezen nou, destriktè a vin tonbe.
Soti nan gwo kri Hesbon an, menm rive Élealé, menm nan Jahats, yo te leve vwa yo, soti Tsoar, jis rive Choronaïm, jiska Églath-Schelischija; paske dlo a Nimrim yo va anplis vin dezole.
“Nan lonbraj Hesbon, mesye ki chape yo rete san fòs; paske dife a parèt sòti nan Hesbon, yon flanm soti nan mitan Sihon e li te devore fwontèn tèt a Moab ak zo bwa tèt mò a banbochè yo.
pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm,
Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè teren nan Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt.
Pandan Israël te rete Hesbon avèk bouk pa li yo, nan Aroër avèk bouk pa li yo ak nan vil ki arebò Arnon an, pandan twa-san ane, poukisa nou pa t rekouvri yo pandan tan sa a?