Gade byen, “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’
Epi nou va antoure wa a, chak moun avèk zam li nan men l; epi nenpòt moun ki antre nan ran pa nou, yo va mete a lanmò. Epi rete avèk wa a lè l sòti ak lè l lantre.”
Men wa Sédécias te sèmante a Jérémie an sekrè. Li te di: “Kon SENYÈ a viv la, ki te fè nanm nou, anverite, mwen p ap mete ou a lanmò, ni mwen p ap livre ou nan men a mesye sila k ap chache pran lavi ou yo.”
“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.