Nonb 16:46 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen46 Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann. Mete lansan an sou li e pote li vit bay kongregasyon an pou fè ekspiyasyon pou yo. Paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a. Gwo epidemi an kòmanse!” 参见章节1998 Haïtienne46 Epi Moyiz di Arawon konsa: — Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l al jwenn pèp la. W'a fè sevis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Senyè a fache anpil, li gentan pran desizyon l. Malè a konmanse deja. 参见章节 |