Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Nonb 14:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Kadav nou yo va tonbe nan dezè sila a, menm tout mesye konte yo, nou tout soti nan ventan oswa plis, ki te bougonnen kont Mwen yo,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Y'ap antere kadav nou tout nan dezè a. Nou tout ki t'ap bougonnen sou mwen yo, nou tout yo te konte lè resansman an, nou tout ki gen ventan ak sa ki pi gran yo, nou yonn p'ap antre nan peyi a.

参见章节 复制




Nonb 14:29
13 交叉引用  

Akoz sa, Li te sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,


Akoz sa, Li te fè jou yo fini mal, e ane yo nan laperèz sibit.


Mwen va fè retire pami nou, rebèl ak sila ki transgrese kont Mwen yo. Mwen va mennen yo sòti nan peyi kote yo demere a, men yo p ap antre nan peyi Israël. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”


Konsa se tout gason nan fis Israël yo ki te konte selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè an Israël.


Jiskaske tout mesye ki te konte yo te sis-san-twa-mil-senk-san-senkant. (603,550).


Men pami sila yo, pa t gen yon mesye nan sa yo ki te konte pa Moïse avèk Aaron, prèt la, ki te konte fis a Israël yo nan dezè a Sinaï a.


Paske, SENYÈ a te di a yo menm: “Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan.


Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa yo te mouri nan dezè a.


“Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan.


Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo ke kò yo te tonbe nan dezè a?


Paske fis Israël yo te mache karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.


Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.


跟着我们:

广告


广告