Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Neyemi 9:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Paske wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t kenbe lalwa Ou yo, ni okipe kòmandman Ou yo avèk avètisman Ou yo avèk sila Ou te avèti yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

34 Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pat fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pat koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo.

参见章节 复制




Neyemi 9:34
13 交叉引用  

Sepandan, SENYÈ a te avèti Israël avèk Juda pa tout pwofèt Li yo ak tout konseye Li. Li te di: “Vire kite move wout sa yo e kenbe kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, selon tout lalwa a avèk sila Mwen te kòmande zansèt nou yo e ke m te voye bannou pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo.”


Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.


Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo.


“Alò, Bondye nou an, kisa nou va di apre sa? Paske nou te abandone kòmandman Ou yo,


Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo.


Sepandan, Ou jis nan tout sa ki vin rive nou; paske Ou te aji avèk fidelite, men nou te aji mal.


Men yo, malgre nan pwòp wayòm pa yo ke Ou te bay yo, pa t sèvi Ou, ni kite zak mechan yo.


akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a.


Men pito, nou va akonpli tout pawòl ki te sòti nan bouch pa nou, lè n ap brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason devan l, menm jan ke nou menm, ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prèt nou yo te konn fè nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo. Paske nan lè sa a, nou te gen kont manje, nou te byen alèz e nou pa t konn soufri malè.


Malgre sa, Mwen te voye bannou tout sèvitè mwen yo, pwofèt yo, ankò e ankò e Mwen te di: “Ah, pa fè bagay abominab sila ke m menm rayi a.”


Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo, e kont règleman Mwen yo, plis ke peyi ki antoure li yo. Paske yo te rejte lòd Mwen yo, e pa t mache nan règleman Mwen yo.’


Anplis, nou pa t koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a.


Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.”


跟着我们:

广告


广告