Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Neyemi 9:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Kounyeya, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouray, yon Bondye ki fè moun respekte l. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk kounyeya. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.

参见章节 复制




Neyemi 9:32
42 交叉引用  

Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, k ap kenbe akò e montre lanmou dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo,


Pul, wa Assyrie a, te vini kont peyi a e Menahem te bay Pul mil talan ajan pou men li ta kapab avèk li pou ranfòse wayòm nan anba règn pa l la.


Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.


jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.


Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont li, Osée te devni sèvitè li e te peye li taks obligatwa.


Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè Gozan an ak nan vil a Medi yo.


Nan jou pa li yo, Farawon Néco, wa Égypte la, te monte kont wa Assyrie a nan Rivyè Euphrate la e Wa Josias te ale rankontre li. Epi lè Néco te wè l, li te touye li Méguiddo.


Yo te touye fis a Sédécias yo devan zye li, yo te pete zye a Sédécias, yo te mare l avèk chenn an bwonz yo, e yo te mennen li Babylone.


ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an.


yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”


“Apre tout sa ki te rive sou nou pou zak mechan nou yo ak gran koupabilite nou yo, akoz Ou menm, Bondye nou an, te remèt nou mwens ke linikite nou yo merite, e te ban nou yon retay chape kon sila a,


Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.


Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”! Akoz grandè a pwisans Ou, menm, lènmi Ou yo va soumèt a Ou.


Vini pou wè zèv Bondye yo. Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.


Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan SENYÈ a te delivre yo.


Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.


Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonnan la, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,


Anplis, nou pa t koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a.


O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou.


“Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou sèt fwa anplis pou peche nou yo.


‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo.


alò, Mwen va aji avèk ostilite kont nou. Mwen, Mwen menm, Mwen va frape nou sèt fwa pou peche nou yo.


alò, Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo.


“Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo.


Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou.


Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.


“Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


跟着我们:

广告


广告