Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Neyemi 9:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Ou te founi pen soti nan syèl la pou grangou yo, epi Ou te mennen dlo soti nan yon wòch pou yo menm, pou swaf yo, epi Ou te di yo antre ladann nan peyi ke Ou te sèmante pou bay yo pou posede a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Lè yo te grangou, ou ba yo pen ki sòti nan syèl la. Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete sòti nan wòch. Ou ba yo lòd pou y'al pran pou yo peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a.

参见章节 复制




Neyemi 9:15
23 交叉引用  

Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a,


Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf.


Ki te fè wòch la devni yon ma dlo, wòch silèks la yon sous k ap koule.


Alò, SENYÈ a te di Moïse: “Gade byen, Mwen va vide pen sòti nan syèl la tankou lapli pou nou. Epi pèp la va sòti chak jou pou ranmase sa ki kont pou jounen an, pou Mwen kapab fè yo pase a leprèv; pou M wè si yo va mache nan enstriksyon Mwen yo.


Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”


Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo.


Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’”


Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo. Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo; Li te fann wòch la e dlo te vin pete.


Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.


Anplis, Mwen te sèmante a yo nan dezè a pou Mwen pa ta mennen yo antre nan peyi ke M te bay a, yo menm nan, peyi ki t ap koule ak siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo,


vrèman, nou p ap antre nan peyi kote Mwen te sèmante pou mete nou an, sof Caleb, fis a Jephunné a ak Jousé, fis a Nun nan.


Nou wè, SENYÈ a, Bondye nou an, te mete peyi a devan nou. Monte ladann, posede li, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pale nou an. Pa pè, ni dekouraje.’”


Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”


“Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告