Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Neyemi 3:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Palal, fis a Uzaï a te fè reparasyon yo devan ang lan avèk fò ki te parèt soti anwo kote lakay wa a, ki akote lakou gad la. Apre li, Pedaja, fis a Pareosch la, te fè reparasyon yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Palal, pitit gason Ouzayi a, te repare pòsyon ki vin apre a. Li konmanse nan kwen an, li pran miray Fò Palè Wa ki anwo nan lakou prizon an. Pedaja, pitit gason Pareòch la, repare pòsyon ki vin apre a,

参见章节 复制




Neyemi 3:25
12 交叉引用  

Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.


Epi anwo Pòtay Éphraïm nan, kote Pòtay ansyen an, kote Pòtay Pwason an, Fò Hananeel la ak fò a dè Santèn yo, jis rive nan Pòtay Mouton yo; epi yo te rete kanpe nan Pòtay Gad la.


Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.


Esdras, skrib la, te kanpe devan yon etaj an bwa ki te fèt eksprè pou afè sila a. Akote li te kanpe Matthithia, Schéma, Anaja, Urie, Hilkija, avèk Maaséja adwat li e agoch li, Pedaja, Mischaël, Malkija, Haschum, Haschbaddana, Zacharie ak Meschullam.


Ki di: “Mwen va bati pou mwen menm yon kay ak anpil espas, ak gwo chanm anlè. Mwen va koupe fenèt li yo, ba li panno bwa sèd e pentire l an koulè wouj.’


Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem, e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan lakou gad ki te lakay wa a Juda a.


Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou nan prizon nan lakou gad la. Li te di:


Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.


Konsa, yo te rale Jérémie fè l monte leve sòti nan sitèn nan, e Jérémie te rete nan lakou kay gad la.


Anplis, Kaldeyen yo te brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo.


A nou menm, wo tou bann mouton an, mòn fi Sion an, sou ou menm, li va retounen. Wi, menm ansyen pouvwa a, wayòm nan de fi Jérusalem nan.


跟着我们:

广告


广告