Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Neyemi 2:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Konsa, mwen te reponn yo epi te di yo: “Bondye syèl la va fè nou reyisi. Se akoz sa a, sèvitè li yo va leve pou bati. Men nou menm, nou p ap gen pòsyon, ni dwa, ni souvni nan Jérusalem.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Mwen reponn, mwen di yo: — Se Bondye nan syèl la k'ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral konmanse rebati l. Men nou menm, moun lòt nasyon, nou pa gen okenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Pèsonn pa janm nonmen non nou nan koze lavil Jerizalèm.

参见章节 复制




Neyemi 2:20
21 交叉引用  

Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.


Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.”


Lè m te tande pawòl sila yo, mwen te chita la, mwen te kriye e fè gwo plent pandan kèk jou; epi mwen t ap fè jèn avèk lapriyè devan Bondye syèl la.


Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?” Konsa, mwen te priye a Bondye syèl la.


“Tout sèvitè a wa yo avèk pèp an pwovens a wa yo byen konnen ke si nenpòt gason oswa fanm antre devan wa a nan lakou enteryè a san envite pa li menm, li gen yon sèl lwa; ke li va mete a lanmò, sof ke wa a lonje baton a wa a pou l kab viv. Epi mwen pa t envite kote wa a pandan trant jou sila yo.”


Li te prete atansyon a lapriyè malere yo, e pa t meprize priyè yo.


Priye pou lapè Jérusalem. Sila ki renmen ou yo va pwospere.


Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou. Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo. Ke SENYÈ a kapab akonpli tout priyè ou yo.


Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi. Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo, Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”


Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion. Bati miray a Jérusalem yo.


“Aaron va pote non a fis Israël yo nan pyès lestomak jijman an sou kè li lè l ap antre nan lye sen an, kòm yon souvni pou tout tan devan SENYÈ a.


Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de.


a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an; anndan miray Mwen yo, yon memoryal e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo. Mwen va bay yo yon non k ap dire nèt jis pou letènite, ki p ap janm disparèt.”


Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.


Alò kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.


“Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”


Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.


Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?” Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye.


Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye.


跟着我们:

广告


广告