Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Neyemi 12:47 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

47 Konsa, tout Israël nan jou Zorobabel avèk Néhémie yo te bay pòsyon ki te dwe fèt pou chantè yo avèk gadyen pòtay yo kon chak jou te mande a, e te mete apa pòsyon ki te konsakre a Levit yo; epi Levit yo te mete apa pòsyon ki te konsakre pou fis Aaron yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

47 Se konsa, nan tan Zowobabèl ak nan tan Neyemi, tout pèp Izrayèl la te pote kado chak jou bay mizisyen yo ak gad pòtay Tanp yo. Yo te pote renmèt moun Levi yo ofrann yo te mete apa pou Bondye. Moun Levi yo menm te bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pòsyon pa yo.

参见章节 复制




Neyemi 12:47
14 交叉引用  

Epi pou bous li, yon bous nòmal te bay a li menm pa wa a, yon pòsyon pou chak jou pandan tout jou lavi li.


Konsa, yo te antre e yo te rele gadyen pòtay lavil yo pou te pale yo e te di: “Nou te rive nan kan Siryen yo e vwala, pa t gen moun la, ni menm vwa a yon moun, men sèlman cheval ki te mare ak bourik mare e tant yo menm jan yo te ye.”


Sila yo te vini avèk Zorobabel, Josué, Néhémie, Seraja, Reélaja, Mardochée, Bilschan, Mispar, Bigtvaï, Rehum ak Baana. Fòs kantite mesye nan pèp Israël yo:


Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo.


Alò, sila yo se te prèt avèk Levit ki te monte avèk Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué: Seraja, Jérémie, Esdras,


Alò, nan tan Jojakim, prèt yo, chèf an tèt lakay zansèt papa yo te pou Seraja, Meraja, e pou Jérémie, Hanania;


Sila yo te sèvi nan jou a Jojakim yo, fis a Josué a, fis a Jotsadak la e nan jou a Néhémie yo, gouvènè a, avèk Esdras, prèt la ak skrib.


Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.


Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an.


跟着我们:

广告


广告