Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Neyemi 12:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Konsa, mwen te fè dirijan a Juda yo vin monte sou miray la, e mwen te chwazi de gran gwoup koral premye ki t ap sòti sou bò dwat anlè miray la vè Pòtay Kolin Fimye a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Mwen fè tout chèf peyi Jida yo moute sou tèt miray ranpa a: Mwen fè de gwoup mizisyen ak moun pou chante pandan y'ap mache sou tèt miray la. Premye gwoup la al sou bò dwat nan direksyon Pòtay Fatra a.

参见章节 复制




Neyemi 12:31
8 交叉引用  

Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf.


Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout teren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo.


Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion.


Hosée avèk mwatye nan dirijan Juda yo te swiv yo,


Dezyèm koral la te ale vè goch, pandan mwen t ap swiv yo avèk mwatye pèp la sou miray la, anwo Tou Founo yo, rive nan Gran Miray la.


Epi de koral yo te kanpe nan pozisyon yo lakay Bondye a, e mwen menm tou, avèk mwatye ofisye ki te avè m yo;


Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife.


跟着我们:

广告


广告