Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Neyemi 12:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Chèf an tèt a Levit yo te Haschabia, Schérébia e Josué, fis a Kadmiel la, avèk frè pa yo anfas yo, pou bay lwanj avèk remèsiman, jan sa te preskri pa David, nonm Bondye a, divizyon ki te koresponn ak divizyon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Chèf moun Levi yo te Achabya, Jechwa, Bennwi ak Kadmyèl. Yo te separe moun Levi yo an gwoup. De gwoup te kanpe yonn anfas lòt pou chante lwanj Senyè a ak kantik pou di Bondye mèsi, yonn apre lòt, dapre lòd wa David, sèvitè Bondye, te kite a.

参见章节 复制




Neyemi 12:24
18 交叉引用  

Konsa, fanm nan te di a Élie: “Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”


Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la:


Alò, selon règleman a papa li yo, David, li te chwazi divizyon a prèt yo pou sèvis pa yo, Levit yo pou devwa pa yo, pou fè lwanj e fè sèvis devan prèt yo selon règ a chak jou a, e gadyen pòtay pa divizyon pa yo nan chak pòtay. Paske se konsa David, nonm Bondye a, te konn kòmande sa.


Levit yo: fis a Josué yo, fis a Kadmiel yo e fis a Hodavia yo: swasann-katòz.


epi Matthania, fis a Michée a, fis a Zabdi a, fis Asaph ki te responsab ouvri avèk remèsiman a Bondye nan lapriyè a, Bakbukia, dezyèm pami frè li yo e Abda, fis a Schammua a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan.


Fis a Lévi yo, chèf an tèt lakay papa zansèt yo, te anrejistre nan Liv A Kwonik yo jis rive nan tan Jochanan, fis Éliaschib la.


avèk fanmi li yo, Schemaeja, Azaneel, Juda ak Hanani, avèk enstriman mizik a David yo, nonm Bondye a. Epi Esdras, skrib la, te ale devan yo.


Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas.


Alò, sou etaj, Levit yo te kanpe Jousé, Bani, Dadmiel, Schebania, Bunni, Schérébia, Bani avèk Kenani. Yo t ap kriye ak vwa fò anlè a SENYÈ a, Bondye yo a.


Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li.


Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.


Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.


Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an. Yo di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa.


跟着我们:

广告


广告