Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Neyemi 10:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Epi selon pèp peyi la ki konn vini avèk machandiz avèk manje pou vann nan Saba a, nou p ap achte nan men yo nan Saba a ni nan okenn jou sen. Anplis, nou va lese rekòlt yo nan setyèm ane a, ansanm avèk koleksyon a tout dèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Senyè a. Chak setan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo.

参见章节 复制




Neyemi 10:31
24 交叉引用  

Sa te fèt pou fin akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch a Jérémie, jiskaske tè a te fin rejwi de tout Saba li yo. Pandan tout jou dezolasyon li yo, li te kenbe Saba a jiskaske swasann-dizan an te fin pase.


Anplis, nan jou sa yo, mwen te wè ke Jwif yo te konn marye ak fanm Ashdod yo, Ammon, avèk Moab yo.


Alò, èske nou tande de nou menm ke nou te komèt gran mal sila a, e te aji avèk enfidelite kont Bondye nou an nan fè maryaj avèk fanm etranje yo?”


“Nan premye jou a nou va fè yon konvokasyon sen, e yon lòt konvokasyon sen nan setyèm jou a. P ap gen travay k ap fèt nan yo, sof sa ki oblije fèt pou manje a chak moun; se sa sèl nou kapab prepare.


men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladann l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.


Epi pou nou ta vin pran nan fi pa yo pou fis nou yo, e fi pa yo ta kab fè pwostitiye avèk dye pa yo, e vin lakoz ke fis nou yo osi fè pwostitiye avèk dye pa yo.


“Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?


“Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo.


Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo.


“‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.


Epi padone nou ofans nou yo menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.


Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba.


Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.


跟着我们:

广告


广告