O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’
Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”
Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.