Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife. Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou; se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li.
Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob, akoz yo plen ak jan de panse yo ki sòti nan lès; akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo, k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwi la pou rete peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò.
Epi mwen te di: “Senyè, pou konbyen tan?” Li te reponn: “Jiskaske vil yo fin devaste nèt e pa gen moun pou rete ladan yo, kay yo vin san moun e peyi a fin dezole,
Senyè a te vale tout nèt. Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo. Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a. Li te bese yo nèt jis rive atè. Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.
Konsa ou va di: ‘Mwen va monte kont peyi a ak vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fè fòje ni pòtay yo,
Akoz sa, yon gran gè va leve pami pèp nou an e tout fòterès nou yo va detwi, tankou Schalman te detwi Beth-Arbel nan jou batay la, lè manman an te kraze an mòso ak pitit li yo.