Matye 9:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li. 参见章节1998 Haïtienne9 Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil9 Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.” 参见章节 |