Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Men, Jezi te gentan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: — Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Men, Jezi te konnen sa k t ap pase nan tèt yo. Li di yo: “Sa k fè panse nou sal konsa?

参见章节 复制




Matye 9:4
24 交叉引用  

Ou konnen lè m chita ak lè m leve. Ou konprann panse mwen yo de lwen.


èske Bondye pa ta dekouvri sa a? Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan.


Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe.


“Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?” Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”


Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap refleshi konsa, te di yo: “Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou?


Men Li te konnen panse yo. Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont tèt li va detwi. E yon kay divize kont tèt li ap tonbe.


Men Jésus, ki te okouran de jan yo t ap reflechi a, te reponn e te di yo: “Poukisa nou ap reflechi nan kè nou konsa?


Men Li te konnen panse yo. Li te di a mesye avèk men sèch la: “Leve vin devan.” Konsa, li te leve vin devan.


Jésus te reponn li: “Simon, Mwen gen yon bagay pou di ou.” Li te di: “Pale, Mèt.”


Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’


Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou kwè ke Ou soti nan Bondye.”


Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.


Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa fè nou kilbite tonbe?


“Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.


Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”


Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.


跟着我们:

广告


广告