Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 9:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Lè sa a, yon fanm malad pwoche dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi,

参见章节 复制




Matye 9:20
12 交叉引用  

Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.


“Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long.


Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo.


Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.


Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.


jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.


Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.


Nou va fè ponpon nan kat kwen vètman ki kouvri nou yo.


跟着我们:

广告


广告