Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 8:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Yo tou de pran rele ansanm: — Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n soufri anvan lè nou?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?”

参见章节 复制




Matye 8:29
20 交叉引用  

Men wa a te di: “Kisa mwen gen avè w, O fis a Tseruja? Si li bay madichon, e si SENYÈ a te di li ‘Modi David’, alò, se kilès k ap di: ‘Poukisa ou te fè sa?’”


Epi David te di: “Kisa mwen gen pou fè avèk nou, O fis a Tseruja yo, pou nou ta nan jou sila a devni advèsè mwen? Èske okenn moun ta mete a lanmò an Israël jodi a?” Paske èske mwen pa konnen ke se mwen ki wa sou Israël jodi a?


Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”


Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.” Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”


Men Néco te voye mesaje yo kote li. Li te di: “Kisa nou gen pou fè youn avèk lòt, O Wa Juda a? Se pa kont ou ke m ap vini jodi a, men kont kay avèk sila mwen angaje nan lagè yo. Bondye te kòmande mwen fè prese. Byen avèti ke se Bondye ki avè m nan, pou Li pa detwi ou.”


“Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon, ak tout rejyon a Philistine yo? Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen? Men si Mwen pa jwenn rekonpans byen vit e san delè, Mwen va fè rekonpans nou an retounen sou tèt nou.


Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”


A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje.


pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”


E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se Fis Bondye a!”


Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”


“Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”


Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.


Lè l wè Jésus, li te kriye fò e te tonbe devan Li. Li te di ak yon gwo vwa: “Kisa m gen avè ou Jésus, Fis a Pi Wo Bondye a? Mwen sipliye ou, pa toumante mwen.”


Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive.”


Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè yo a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, youn chemen sali a.”


Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble.


Paske si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an;


Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandonnen pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman a nan gran jou a.


Jephthé te voye mesaje a wa a fis Ammon yo. Li te di: “Kisa ki gen antre ou menm avèk mwen menm, pou nou vin kote m pou goumen kont peyi mwen?”


跟着我们:

广告


广告