Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 8:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Jezi di yo: “Pouki nou si tèlman pè? Lafwa nou vrèman piti!” Apre sa, Jezi leve kanpe, li kòmande van an fè silans, epi tout bagay antre nan lòd.

参见章节 复制




Matye 8:26
24 交叉引用  

Ou kalme raj vag lanmè yo, Avèk gwo boulvèsman lanm yo.


Ou domine ògèy lanmè a. Lè vag li yo vin leve, Ou kalme yo.


Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la? Ki te divize dlo yo devan yo pou fè pou pwòp tèt Li yon non ki ta dire pou tout tan?


Li Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen.


Èske SENYÈ a te malkontan ak rivyè yo? Èske se ak rivyè yo Ou te fache? Oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a, ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo, sou cha delivrans Ou yo?


Men Jésus, okouran de sa, te di yo: “O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen?


Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.


“Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!


Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”


Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.


Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj.


Li te gen nan men l, yon ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a.


跟着我们:

广告


广告