Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 8:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l, yo fè l leve. Yo di l konsa: — Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Disip li yo te pwoche bò kote l, epi yo reveye l. Yo di li: “Mèt, sove nou n ap peri!”

参见章节 复制




Matye 8:25
11 交叉引用  

Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”


O Bondye nou, èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.”


Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?


Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”


Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.


Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi.


Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”


Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!” Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.


跟着我们:

广告


广告