Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”

参见章节 复制




Matye 8:10
9 交叉引用  

Alò, yo te chita devan li, premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone.


Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.


Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la;


Paske mwen menm tou se yon moun anba otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”


Li te etone pa enkredilite yo. Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.


Lè L te wè lafwa yo, Li te di: “Mesye, peche ou yo padone”.


Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”


Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a: “Mwen di nou, pa menm an Israël Mwen pa t twouve yon si gran lafwa.”


Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen?


跟着我们:

广告


广告