Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 7:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 — Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

28 Lè Jezi te fin di pawòl sa yo, moun yo pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye.

参见章节 复制




Matye 7:28
18 交叉引用  

Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo. Lagras debòde sou lèv ou. Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.


Lè Jésus te fin bay enstriksyon a douz disip Li yo, Li te kite kote sa a pou enstwi e preche nan vil pa yo.


Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an.


Lè foul la te tande sa, yo te etone de jan Li te enstwi a.


Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo:


Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”


Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.


Yo te etone pou jan Li te enstwi a. Paske Li te enstwi kon yon moun ki te gen otorite, e pa kon skrib yo.


Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.


Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?”


Men yo pa t kab twouve anyen ke yo ta kab fè, paske tout pèp la t ap akwoche sou chak pawòl Li te pale.


Tout sila ki te tande Li yo te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.


Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”


Yo te etone de enstriksyon Li, paske mesaj Li yo te avèk otorite.


Lè Li te fin konplete tout diskou Li a nan tande a pèp la, Li te ale Capernaüm.


Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”


Ofisye yo te reponn: “Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”


跟着我们:

广告


广告