Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 7:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Men nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki pa mete yo an pratik, li tankou yon moun fou ki bati kay la sou sab.

参见章节 复制




Matye 7:26
9 交叉引用  

ki te rachte avan lè yo, ki te lese fondasyon ki lave a retire nèt pa rivyè a?


Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.


Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi. Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la. Ki kalite sajès ka rete nan yo?


“Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.


Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.


Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”


“Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”


Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil?


Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tou tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo.


跟着我们:

广告


广告