Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 7:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 — Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki mete yo an pratik, li tankou yon nonm saj ki bati kay li sou karyann.

参见章节 复制




Matye 7:24
41 交叉引用  

Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!


Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a sila ki senp yo.


Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo, Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.


Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.


Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.


Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; men kay a moun dwat yo va kanpe.


Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.


Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”


Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li.


“Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen?


Senk nan yo te manke sajès, men lòt senk yo te gen bon konprann.


Men saj yo te pran lwil nan veso ansanm avèk lanp yo.


“Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’


Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.


Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab.


Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”


Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.


“Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.


Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan amou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan amou pa Li a.


“Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.


Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye.


Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo.


跟着我们:

广告


广告