Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 7:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Sa ou sèvi pou jije lòt moun se avè l Bondye ap sèvi pou jije w. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.

参见章节 复制




Matye 7:2
19 交叉引用  

Pou sa, yo te di a wa a: “Nonm ki te vin manje nou an e ki te fè plan pou detwi nou nèt la rache nou soti nan lizyè Israël la,


Anplis, li te renmen bay madichon. Konsa, madichon an te retounen sou li. Li pa t renmen beni. Konsa, sa te rete lwen l.


zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye,


Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi; epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w. Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt. Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.


Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo.


“Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.


Paske jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou.


“Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm.


E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande.


“Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”


Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans.


Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.


Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li.


Adoni Bézek te di: “Swasann-dis wa avèk pous avèk gwo zòtèy koupe te konn ranmase manje anba tab mwen. Jan ke m te konn fè a, konsa Bondye te rekonpanse mwen.” Konsa, yo te mennen li Jérusalem e la, li te mouri.


Antre janm li yo, li te tonbe. La, li kouche. Kote gason an te bese a, la, li te tonbe mò.


Men Samuel te di: “Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.


跟着我们:

广告


广告