Matye 6:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 参见章节1998 Haïtienne25 — Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil25 Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Èske lavi pa gen plis valè pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? 参见章节 |