21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
21 Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
21 Kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou.
Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule.
Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans. Lakrent SENYÈ a se trezò ou.
“Men zye ou ak kè ou rete sèlman sou richès ki ranmase nan zak malonèt, nan vèse san inosan, nan opresyon ak vyolans.”
Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?
Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a.
“Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè.
Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye.
pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)
Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.
Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an.