Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 5:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Beni se sila yo ki fè lapè; yo va rele yo fis Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Benediksyon pou moun k ap travay pou lapè y a rele yo pitit Bondye.

参见章节 复制




Matye 5:9
31 交叉引用  

David te sòti pou rankontre yo. Li te di yo: “Si se nan lapè nou vin kote mwen, pou ede m, kè m va reyini ansanm avèk nou. Men si se pou trayi mwen a advèsè mwen yo, akoz nanpwen mal nan men m, ke Bondye a zansèt nou yo gade sou sa pou deside.”


Nanm mwen gen demè li avèk sila ki rayi lapè yo pandan twòp tan.


Se ki moun ki dezire lavi, e renmen jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?


pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.


Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”


Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se fis a Bondye, fis a rezirèksyon an.


“Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vin fis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.


“Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’


Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun.


Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye.


Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye.


Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo.


Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan enkwayan yo.


Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.


Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.


Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite


Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an,


Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou viv an amoni nan Senyè a.


ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.


Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.


跟着我们:

广告


广告