Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 5:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

44 Men mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

44 Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou.

参见章节 复制




Matye 5:44
21 交叉引用  

Li te reponn: “Ou pa pou touye yo. Èske ou ta touye sila ke ou fin pran an kaptivite avèk nepe oubyen ak banza ou? Mete pen avèk dlo devan yo pou yo kab manje ak bwè e ale kote mèt pa yo.”


si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen, oswa te piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,


Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè; se glwa li pou bliye yon transgresyon.


Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.


“Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt.


Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”


Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.


Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon.


Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.


Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.


Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.


Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w.


跟着我们:

广告


广告