Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 5:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

35 Pa fè sèman sou tè a, paske tè a se ti ban kote Bondye poze pye li. Pa fè sèman sou lavil Jerizalèm, paske se lavil gwo Wa a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

35 Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a.

参见章节 复制




Matye 5:35
10 交叉引用  

men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’


Bèl nan wotè li, jwa tout latè a, se Mòn Sion nan pati nò a, Vil gran Wa a.


SENYÈ a renmen pòtay Sion yo plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.


Leve wo SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan machpye twòn Li an. Se sen ke Li ye.


Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?


“Men malè pou sila k ap twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonnan pami nasyon yo.”


Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa.


‘Syèl la se twòn Mwen, E tè a se ban pou pye Mwen. Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’ ‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen?


Konsa, li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye.


Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.


跟着我们:

广告


广告