Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 5:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 — Si yon moun pote plent pou ou nan tribinal, prese mete ou dakò avè l antan nou prale ansanm nan tribinal la, pou li pa lage ou nan men jij la, pou jij la pa lage ou nan men lapolis, pou yo pa mete ou nan prizon.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Si yon moun vle fè w pwosè, antann ou avè l depi anvan nou rive nan tribinal la. Si ou pa fè sa, lènmi w lan ap trennen w devan jij, jij la ap fè yon sòlda pran w, epi sòlda a ap fèmen w nan prizon.

参见章节 复制




Matye 5:25
19 交叉引用  

“Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L; se konsa, sa ki bon va rive kote ou.


Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm, nan yon lè ke Ou toujou disponib. Anverite, nan gran flèv dlo yo, yo p ap kab rive kote Li ankò.


Pa fè vit lantre nan tribinal pou diskite ka ou; anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.


Men Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan li ta fini.


“Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’


Paske Li di: “Nan tan akseptab la Mwen te koute nou, e nan jou sali a Mwen te ede nou”. Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.


Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.


Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.


Konsa, jan Lespri Sen an di a: “Jodi a, si nou tande vwa Li,


跟着我们:

广告


广告