Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 4:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y'ale avèk li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 San pèdi tan, mesye yo leve, yo kite papa yo nan bato a, epi yo swiv Jezi.

参见章节 复制




Matye 4:22
10 交叉引用  

Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.


Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.


Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.


Lapoula Li te rele yo, e yo te kite Zébédée, papa yo, nan kannòt la avèk sèvitè jounalye yo, e te sòti pou swiv Li.


“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.


“Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li pa renonse ak tout sa li posede.


Lè yo te fin fè kannòt yo rive atè, yo te kite tout bagay pou yo te swiv Li.


Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.


跟着我们:

广告


广告