Konsa, li te retounen soti swiv li, li te pran pè bèf la e li te fè sakrifis avèk yo, li te bouyi chè avèk dife fèt ak zouti bèf e li te bay a pèp la pou yo te manje. Epi li te leve, li te swiv Élie pou te sèvi li.
Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.