Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 4:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.”

参见章节 复制




Matye 4:19
17 交叉引用  

Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.


Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”


Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.


Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.


Men Jésus te di li: “Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”


Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li.


Pandan Li t ap pase, Li te wè Lévi, fis a Alphée a, ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”! Konsa, li te leve pou swiv Li.


Apre sa, Li te sòti deyò e li te wè yon ajan kontribisyon ki te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”.


Konsa, Li te di a yon lòt: “Swiv Mwen”. Men li te di: “Kite m ale avan pou antere papa m.”


Jou apre Li te vle antre nan Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”


“Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.


Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, swiv Mwen!”


Men malgre jan sa kapab ye a mwen menm, mwen pa t mete chaj tèt mwen bannou. Sepandan, nonm malen ke mwen ye, mwen te vin pran nou pa riz.


跟着我们:

广告


广告