Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.

参见章节 复制




Matye 3:11
29 交叉引用  

lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak lespri brile a.


Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf e vwa dlo sou tè ki sèch. Mwen va vide Lespri M sou ras ou e benediksyon sou desandan ou yo;


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.


Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.


Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”


Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife.


Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo.


Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’”


Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’


Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”


Konsa, Paul te di: “Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.”


Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.”


Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.


Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.


A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo.


Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an,


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


跟着我们:

广告


广告