Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 27:51 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

51 Menm lè a, rido tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Latè tranble. Wòch fann.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

51 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann.

参见章节 复制




Matye 27:51
26 交叉引用  

Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li.


Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.


Konsa, latè a te tranble. Fondasyon a mòn yo te tranble. Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.


Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo.


SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.


Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”


Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble. Flèv dlo yo te kouri desann. Pwofondè a te gwononde. Li te leve men l anlè.


Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste an. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l. Selah.


Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri lach temwayaj la avèk li.


Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”


Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li.


Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.


Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout.


Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.”


Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan,


Andedan dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo.


Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.


Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.


跟着我们:

广告


广告