Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 27:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan santyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li sòti, l'ale pann tèt li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li.

参见章节 复制




Matye 27:5
12 交叉引用  

Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.


Lè Zimri te wè vil la te tonbe, li te monte nan sitadèl lakay wa a. Li te brile lakay wa a sou pwòp tèt li avèk dife, e li te mouri.


Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”


jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe; pito lanmò olye doulè mwen yo.


Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.


Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”


Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.”


Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan.


selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou antre nan tanp Senyè a pou brile lansan.


Byen vit li te rele gason an ki te pote zam li yo. Li te di li: “Rale nepe ou touye mwen pou yo pa kab pale de mwen, ke yon fanm te touye m.” Konsa, jennonm nan te frennen li nèt e li te mouri.


跟着我们:

广告


广告