Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 27:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Lè yo sòti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse mesye pote kwa Jezi a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a.

参见章节 复制




Matye 27:32
17 交叉引用  

Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.”


Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch.


ki se, tout rès towo a, li dwe pote li yon kote ki pwòp deyò kan an, kote sann dife vide, epi brile li sou bwa avèk dife a. Kote sann yo vide, se la li va brile.


Answit, li dwe pote towo a yon kote deyò kan an pou brile li jan li te brile premye towo a. Li se ofrann peche pou asanble a.


si prèt onksyon an fè peche e mennen koupabilite sou pèp la, alò, kite li ofri bay SENYÈ a yon towo san defo, kòm ofrann peche pou peche ke li te komèt la.


Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.


Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt.


Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.


Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus.


Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha.


Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap preche Senyè Jésus a.


Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.


Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak teritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo,


Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne.


e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.


跟着我们:

广告


广告