Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 26:74 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!” Imedyatman, kòk la te chante.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

74 Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: — Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m si m manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

74 Lè sa a, Pyè kòmanse fè sèman pou madichon tonbe sou li si l ap bay manti, epi l di: “M pa janm konnen nonm sa a.” Li patko menm fèmen bouch li lè yon kòk te kòmanse chante.

参见章节 复制




Matye 26:74
19 交叉引用  

Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.


Jésus te di li: “Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”


Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”


Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.


Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”


Jésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan kòk la gen tan chante de fwa.”


Men Li te demanti sa, e te di: “Mwen pa menm konnen, ni konprann, kisa w ap pale a.” Epi li ale sou galeri deyò a.


Men Pierre te di: “Mesye, mwen pa konnen anyen de sa w ap pale a!” E lapoula, pandan li te toujou ap pale, yon kòk te chante.


Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, kòk la te chante.


Paske mwen te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, selon lachè.


Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


Li te di a manman l: “Onz-mil pyès ajan ke yo te retire nan men ou yo, sou sila yo ou te bay madichon ke mwen te tande a, veye byen, ajan an avè m; se mwen ki te pran l.” Epi manman l te di: “Beni ou ye, fis mwen, pa SENYÈ a.”


Alò, nou pa kab ba yo madanm pami fi nou yo.” Paske fis Israël yo te sèmante e yo te di: “Modi se sila ki bay yon madanm a Benjamin.”


跟着我们:

广告


广告