Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 26:70 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

70 Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

70 Men, Pyè demanti l devan tout moun, li di: — Mwen pa konnen sa w'ap di la a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

70 Men, Pyè demanti l devan tout moun. Li di sèvant lan: “M pa konn sa w ap di la a.”

参见章节 复制




Matye 26:70
17 交叉引用  

Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou; men sila ki mache ak sajès la va delivre.


Ògèy a yon nonm va mennen li ba; men yon lespri enb va jwenn respè.


Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.


De kilès ou te pè e twouble a, ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an, ni menm panse a Mwen an? Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?


Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?


Epi konsa, youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.


Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.


Men Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan li ta fini.


Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”


Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”


Men Li te demanti sa, e te di: “Fanm, mwen pa konnen Li.”


Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent.


Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


跟着我们:

广告


广告